« Papa m se yon pastè legliz. Li pa janm vle aksepte m kòm pitit li. Se te yon « USER ». Li fin itilize manman m epi l pa okipe m kòm pitit alòs ke li te pastè k ap dirije legliz. Lè m gen 4 an li te prezante lakay mwen pou di l se papa m men m pa t konnen ki sa mo papa vle di. Li te gen lòt pitit ki te toujou ap chouchoute m epi ban m lanmou etan ke ti sè yo, men papa m pa t janm vle m kòm pitit li. Li te vle petèt prezève imaj li, li pa t vrèman fyè de sa, li pa t janm kite moun konnen si m se pitit li. Lè m vini ale fè konesans ak papa m ak 9 an, li di m li pa t gen matirite lè m te fèt la. Pakont, si yon moun di li pa t gen matirite seke kounya li genyen matirite, ke l te ka jwe wòl papa l, men li te toujou pa t fè sa. Okontrè mwen toujou ale vè li plizyè fwa e li rejte m. E youn nan bagay ki te toujou make m se pandan papa m t ap fè yon diskou an piblik, li t ap prezante fanmi l, e li te di ke li genyen sèlman 2 PITIT FI. E mwen m te la nan piblik la, E M KONNEN M FÈ 3ÈM LAN. E li menm li te di klèman ke li genyen sèlman 2. Sa pa t menm rezon ki te fè m kwè ke papa m pa t vle m… m pral konfime ke papa m pa vle m se lè m malad e ke yo bezwen san pou mwen, mwen te vrèman grav nan yon pwen ke m pa wè nan je m yo ankò, m pa ka manje pou kont mwen, e mwen konpatib sèlman avèk papa m pou l ta ka bay san pou mwen. Sèlman ak papa m paske m pa gen gwoup sangen avèk okenn lòt moun nan fanmi m, sèlman ak papa m. M pa ka resevwa san nan men nepòt moun e yo te di gen yon rate nan kalite san. Yo fè apèl ak papa m, lè l vini lopital la li wè vrèman ke m malad, okontrè mwen te gentan pase nan plizyè lopital, yo wè m t ap mouri, m te vrèman manke san pou kò m fonksyone, sa lakoz ke m pa t ka wè anyen ditou. Lè papa m vini li wè koman tout bagay yo ye epi l vire do l li ale, li pa bay san pou mwen. M te gen yon zanmi m ki te gen yon tèmòs, l ap kouri dèyè papa m, li panse se san l pral bay pou mwen, papa m pa bay li. E papa m pa janm retounen lopital la pou konnen eske m te finalman mouri a pliske m pa t jwenn san. E se sa ki konfime m ke papa m pa vle m », se deklarasyon chòk Sylvia Baptiste ke nou tout konnen sou non « Dam Maryaj la » fè nan emisyon De -Kache aswè mèkredi premye avril la sou Haïti 17. Yon emisyon koupe souf kote atis evennmansyèl la pataje lavi li ak nou.
Entèvyou a ap kontinye. E la Dam Maryaj la pral di nou ke sa pa t rete la. Kòm legliz toujou mande pou w padone, li eseye ale vè papa li ankò paske Sylvia te vle an pè avèk pwòp tèt li. Li konfye nou: malgre sa, chak lè m ale vè papa m li toujou rejte m. Dayè moun legliz li yo konnen m se pitit li. M te konn toujou ap tann yon okasyon espesyal tankou lè fèt pa l. M te konn toujou ap tann lè anivèsè m pou papa m rele m pou l selman di m bon fèt paske lè fèt li m toujou fè sa. M toujou tann lè fèt papa m rele l pou m di l bon fèt. M te konn menm achte yon ti kado m voye bay papa m jis paske m ap tann retou a jis pou l ka rele m. E youn nan bagay papa m fè ankò ki vrèman touche m, se an 2023 manman m gen yon kriz tansyon, mwen lopital avèl li, manman m fè soti 10 zè nan maten ak plis pase minwi, li pa janm bouje. Se kòmsi m gen enpresyon maman m mouri. Ou konnen lè w santi w ap pèdi yon paran, ou vrèman bezwen yon moun ki la pou ou nan moman, e se pa nepòt moun. Tout reflèks mwen se te chache nimewo papa m, paske m te gentan siprime l. M rele l pou m di l sa… Li jis di: OK, W A FÈ M KONNEN. Pou jiska jodia, papa m pa janm rele m back pou di m eske finalman manman m te mouri a…
Se la JG rapousib : mesye a pa t renmen maman w?
Dam Maryaj la reponn: non, m pa kwè l te renmen manman m. Se te yon « USER ». Li fè fi a konnen ke l renmen l, ke l vle l, ke l vle fè yon vi avèk li pakont se te pa sa. Manman m te gen lòt pitit li, papa timoun yo mouri, se yon fanm ki jis bezwen yon moun ki la pou li. Papa m li menm li vini tankou yon sovè epi li ajoute yon pwoblem an plis. Papa m fè m anndan maryaj li ak yon lòt fi…
Anpil kesyon pètinan ak enpòtan poze nan emisyon sa a tankou: koman Sylvia te viv moman lè papa l te prezante fanmi l lan alòs ke Sylvia te nan sal la, eske papa l pa wè l jodia, ki enpak absans papa gen sou lavi l ak anpil l lòt…
Sylvia Baptiste , se youn nan pi bèl emisyon m fè nan vi m. Tèlman gen sipriz nan emisyon sa, tèlman gen anpil bagay pou w aprann de lavi, tèlman gen moun ki pase anpil mizè avan yo konstwi tèt yo… Sylvia se yon Jesyonè e se yon planifikatè. Emisyon sa se pou ou. Gen istwa ki plis CHOKAN w ap jwenn nan emisyon an k ap pase aswè a apati 8H sou Haïti 17.
L ap disponib aswè a apati 8 tè sou chanèl YouTube JOASSAINT GELIN - HAITI 17 la
GADE EMISYON AN
LYEN POU W GADE EMISYON AN
SWIV NOU SOU

